
Oganizasyon Fanm Deside Jakmèl kondane ak tout fòs li maspinay Lapolis fè sou jounalis Gerdy Jeremie
NOUVEL KREYOL !!!, Politique ! November 13, 2014 No CommentsNot pou laprès òganizasyon Fanm Deside
Oganizasyon Feminis Fanm Deside salye kouraj tout jounalis nan depatman Sidès la pou travay yap fè, nan kontinye enfòme popilasyon malgre tout difikilte yo rankontre.
Fanm Deside pwofite okazyon sa pou kondane ak tout fòs li zak gwo ponyèt ak maspinay Jounalis Gerdy Jeremie, prezantatris Radio Télé Express la ki se anmèm tan korespondan ajans an lign Alterpresse sibi anba men polisye Arly Alex Céus ak Jean Daniel Erickson ki se 2 ajan nan inite depatmantal mentyen dòd (UDMO) nan komisarya Jakmèl la. Alòs ke jounalis Gerdy Jérémie nan egzèsis pwofesyon l tap kouvri manifestasyon chofè taxi moto yo tap òganize nan lari jakmèl jou kite lendi 10 novanb lan, pou denonse pri plak imatrilasyon ki ogmante nan Direksyon jeneral enpo (DGI) jakmèl ak ogmantasyon pri pèmi kondwi a nan sèvis sikilasyon jakmèl la.
Polisye yo aprè yo te finn bay anpil gaz lakrimojèn sou avni barankiya, presizeman nan zòn “St Cyr”, 2 ajan UDMO sa yo, kidonk Arly Alex Céus ak Jean Daniel Erickson maspinen ak kout baton, kout pye jounalis Gerdy Jérémie. Se gras ak konkou kèk lòt kòlgèg jounalis kifè jounalis Gerdy Jérémie rive sove anba men polisye sa yo. Eta sante viktim nan trè kritik daprè enfòmasyon nou genyen.
Fanm Deside ap poze tèt li kesyon pou kisa se yon jounalis fanm 2 polisye sa yo atake, lè nou konside se sèl chofè taxi gason ki tap manifeste ? Eske yon fanm dwe viktim maspinay paske lap egzèse metye li ?
Zak vyolans sa jounalis Gerdy Jérémie sibi anba men ajan UDMO sa yo montre aklè kòman Fanm yo kontinye ap viktim sou tout fòm nan sosyete a, epi tout kote yo ye anba men lapolis ki ta dwe pwoteje l.
Nan sans sa, Fanm Deside ap egzije jistis ak reparasyon pou jounalis Gerdy Jérémie, pandan nap atire atansyon Otorite Lajistis yo nan jakmèl pou pran responsablitye yo nan dosye sa. Oganizasyon Fanm Deside mande Direktè Depatmantal Lapolis la Komisè Divizyonè Frantz Elbe pou pran tout mezi kont tout polisye kap komèt zak maspinay sou moun, pandan yo bliye wòl yo ki se pwoteje ak sèvi.
Oganizasyon Fanm Deside pote soutyen li bay tout jounalis an depatman Sidès la, patikiltyèman jounalis Gerdy Jérémie.
« Menm dwa menm, chans pou tout moun egzèse metye yo »
Jakmèl 11 novanb 2014
Marie Ange Noël _ Kòdonatris
Cc : Commissaire du Gouvernement Me Antoine Jean Féhaud, Chef du Parquet de Jacmel
Cc : Commissaire Divisionnaire Frantz Elbé, Directeur Départemental de la Police